« Lekòl Nou » est un projet réalisé par La Fondation Connaissance et Liberté - FOKAL.
Le projet « Lekòl Nou » poursuit les objectifs suivant : la valorisation du rôle des enseignants dans l’éducation publique, la promotion des changements de comportements liés à l’éducation et le renforcement des liens au sein des communautés éducatives. Il sera diffusé à l’échelle nationale.
L’exécution du projet repose sur des partenariats solides avec quatre acteurs clés : l’Association 4 Chemins, Blue Butterfly, la Fondation Mwèm et Village Santé. Financé par l’Agence française de développement, le projet prendra fin en 2025.
Nan 3èm emisyon "Lekòl Nou se Avni nou", yon jèn pwofesè ki rele Laïtza Pierre pral pale nou de eksperyans li nan ansèyman e kisa eksperyans lan fè l dekouvri sou tèt li e sou pratik metye a...
Nan kozri sa, Johnny Jean ap ede n konprann pi byen kijan Village Santé rive reyalize feyton radyo #Chapoba a. Li pwofite fè yon ti pale tou sou kèk pwoblèm ki genyen anndan sistèm edikatif ayisyen an...@lekolnou @fondationconnaissanceetlib2442 @GroupeAFD
Eske w janm mande tèt ou kijan pwofesè yo wè tèt yo ak metye a? Si w anvi tande yon pwofesè ki gen 44 tan depi l ap anseye nan peyi a e ki ap rakonte kijan l viv tèt li antanke pwofesè e sa k fè pou li se "pi bèl metye nan mond la", pa rate soti premye emisyon "Lekòl nou se avni nou."
Lekòl nou se avni nou!!!
Depi ti katkat n ap tande ledikasyon se fondman yon sosyete pou pwodwi yon nasyon. FOKAL ale nan menm sans lan pou pote yon bèl program sou ledikasyon ki batize " Lekòl nou " kote Mwèm.tv ap reyalize. Nou kwè reyalizasyon sa ap pote anpil pou sosyete a, toujou gade, swiv ribrik nou yo pou w konprann plis toujou sou enpòtans ledikasyon genyen sou lavi moun ak devlopman yon sosyete. An nou viv bèl lansman pwogram sa ki te fèt Maison Dufort, wa dim saw wè ak saw tande.
MWÈM.tv
Copyright © 2023 MWEM.tv - Tous droits réservés.
Une plateforme de la Fondation MWÈM